COVID-19 la gen enpak demezire sou imigran nan Massachusetts

Akonpayman, se kle konfyans pou konekte pasyan yo ak swen sante

Posted on Jul 23, 2020

Grounded in the principle that health care is a human right, PIH and its CTC partners accompany immigrants as they navigate the daily realities of a pandemic that discriminates as much as it devastates.

Lè yo te dyagnostike yon fanmi ki soti Kap Vèr nan Boston ak COVID-19, viris la te prezante plis pase yon pwoblèm sante. Yo te bezwen lèt ti bebe pou tibebe yo ki fenk fèt, men yo pa t ka kite kay la akòz peryòd izolman an. Epi antake imigran ki fèk vini, yo pa te gen okenn fanmi oswa rezo sosyal nan zòn nan pou sipòte yo. Yo te bezwen èd pou yo te ka refè epi asire ti bebe yo te rete an bon sante.

Sa se jis youn nan plizyè ka kote Massachusetts Community Tracing Collaborative (CTC) te rive entèvni ak sipò sosyal pou imigran yo, nan ka sa a se fè fanmi an rive jwenn lèt pou ti bebe epi pran nouvèl yo pandan tout peryòd karantèn nan.  Se nan mwa avril gouvènè Charlie Baker te lanse CTC, ki se yon inisyativ pou chache kontak nan tout eta a. Sa rive posib gras a yon patenarya ant plizyè òganizasyon piblik, konsèy sante lokal yo, ak Partners In Health, ki gen plizyè dizèn ane eksperyans nan bay repons ak epidemi maladi enfektyez yo atravè lemonn.

"Li vrèman, vrèman  enpòtan lòske nou lanse yon inisyativ pou chèche kontak, pou panse a gwoup moun ki patikilyèman frajil yo," di Oscar Baez, yon kowòdonatè resous swen nan CTC a. "Li te trè klè nan tout peyi a, pandemi sa a mete toutouni inegalite sistematik ki te la deja yo."

COVID-19 la mete an evidans pwoblèm sanitè ki genyen depi lontan ki enrasinen nan yon sistèm rasis. Kominote Nwa, Panyòl, ak Ameriken Endyen Natif Natal yo enfekte e mouri pi plis de viris la akòz faktè risk (tankou pi gwo fado nan kondisyon sante kwonik oswa aksè iregilye pou jwenn swen sante) ki se rezilta plizyè dizèn ane nan règleman rasis ki anrasinen nan anndan sosyete a, soti nan lojman, travay pou rive nan edikasyon ak swen sante.

Zòn ki pi frape yo nonsèlman se lakay kominote moun koulè ki istorikman majinalize yo, men tou lakay kominote imigran k ap fè fas ak baryè sistèm sanitè yo.

Sou baz prensip ki di jwenn swen sante se yon dwa pou tout moun, PIH ak patnè CTC li yo akonpaye imigran yo pandan y ap viv reyalite a chak jou fas ak yon pandemi diskriminatwa e k ap fè ravaj.

"Yon tanpèt pafè, yon move konbinezon sikonstans"

Nan Massachusetts, done yo reflete yon tandans nasyonal; COVID-19 la gen plis enpak sou kominote moun koulè yo. Rezidan moun Panyòl yo reprezante 12 pousan popilasyon eta a, men yo gen prèske 30 pousan ka COVID-19. Menm jan tou, rezidan Nwa yo reprezante apeprè 9 pousan nan popilasyon an, men yo gen 14.4 pousan nan ka yo.

Baez di konsa, "Menm nan yon eta tankou Massachusetts ak yon vil tankou Boston, kote nou gen premye enstitisyon akademik ak medikal, yon sant byotèknolojik ka p pwospere, nou pa rive gen sistèm sante san paspouki pou moun tout ras ak tout group etnik.'' "Sa aplikab nan tout Etazini."

Kominote ki pi frape nan Massachusetts yo se kote ki gen anpil popilasyon imigran yo, tankou Chelsea, Lynn ak Lawrence. Chelsea, yon vil majorite moun se Ispanik kote imigran yo reprezante prèske mwatye nan popilasyon an, genyen pi plis ka moun ki pozitiv nan eta a.

Massachusetts' hardest hit cities are home to historically marginalized communities of color as well as immigrants.

Anvan COVID-19 la, imigran nan kominote sa yo ki majinalize te deja ap fè fas ak yon seri baryè nan sistèm nan chak jou, sa ki gen ladan salè travay ki piti, baryè lang, epi, pou imigran san papye yo, menas depòtasyon.

Baez eksplike '' lè pandemi an te frape, kondisyon sosyal ki te deja la yo ak kondisyon ekonomik sa yo te kreye yon "Tanpèt pafè, yon move konbinezon sikonstans pou sila ki vilnerab yo".

Majorite imigran ki fè pati popilasyon aktiv la se travayè esansyèl ki pa ka fè travay yo lakay yo. Yo pa sèlman fè fas a risk  nan travay yo -kote yo souvan manke ase ekipman pwoteksyon pèsonèl - men tou sou pakou pou al travay, ki jeneralman enplike transpò piblik.

Pou moun k ap viv ojoulejou yo, ki pa gen yon bon rezo sosyal, oswa ki pa resevwa anpil asistans sosyal osinon ki pa resevwa l ditou, yon dyagnostik  COVID-19 ak enstriksyon sou karantèn pandan 14 jou sa vin reprezante plis pase yon pwoblèm sante.

"Viris lan li menm kapab yon kesyon de vi ou lanmò," tankou Baez di. "Men pou anpil moun, karantèn ak izolasyon ka siyifi pou yo swa lavi ou lanmò si yo pa gen okenn lòt kalite sipò sosyal."

Lè yo mande yo pou mete yo an karantèn, anpil imigran fè fas a yon chwa dekourajan- depanse ti lajan yo genyen sere pou peye lwaye kay oswa pou manje. E pou moun ki pataje apatman ki gen anpil moun ak lòt manm nan fanmi yo, akòz povrete, karantèn se yon demann ki prèske enposib poutèt pa l.

CTC a gen pou objektif pou leve defi sa yo grasa yon sipò sosyal  ki baze sou egalite. Kowòdonatè resous swen tankou Baez rive mete moun an kontak ak resous sòti nan asistans pou lwaye, nan livrezon manje rive nan pwodwi netwayaj.

Gwoup Travay CTC sou Imigrasyon dènyèman te sipòte yon imigran ki te libere nan detansyon ki te teste pozitif a COVID-19. Yo te ede mesye a jwenn lojman kote li te kapab izole san danje, san konte asirans sante ak medikaman sou preskripsyon.

CTC a tou konekte imigran yo ak sipò sante mantal, kòm anpil nan yo te fè eksperyans depresyon, enkyetid, ak kriz panik aprè dyagnostik yo.

Ekip la te ede yon fanm san papye, ki te yon reskape anba vyolans domestik e ki te plede panse pou swiside tèt li nan tan lontan an, kontakte yon espesyalis sante mantal ki pale panyòl.

Akonpayman Kominotè

Menmjan COVID-19 la ap fè ravaj, anpil imigran te deja ap fè fas ak anpil difikilte anvan, kòmanse nan deplase kite peyi orijin yo akòz vyolans sosyal-estriktirèl, pase nan politik ak pratik pinisyon sou kesyon imigrasyon aktyèl Ozetazini yo, patikilyèman pou imigran san papye ki soti nan Amerik Latin yo.

"Lè n'ap pale de imigran, nou gen tandans panse ak viktim. Yo se sivivan olye yo se viktim.'' tankou jan Humberto Reynoso, yon kowòdonatè resous sanitè di sa. "Yo fè fas ak difikilte nan peyi orijin yo ak Ozetazini."

Avèk chak apèl, Reynoso gen pou objektif pou byen koute epi konekte moun yo ak resous  ki enpòtan kiltirèlman.

PIH abòde rechèch kontak yo kòm yon fòm akonpayman, menm jan ak fason travayè sante kominotè patou nan lemonn sipòte pasyan ki nan bezwen yo. Poutèt sa, CTC fòme moun k ap retrase kontak yo pou pran an konsiderasyon kesyon imigrasyon nan tout entèraksyon, espesyalman baryè jiridik, lengwistik, finansye ak nimerik.

Lang se on eleman esansyèl pou bay akonpayman sa a. Prèske 40 pousan  kay moun nan Boston pale yon lang ki pa angle nan kay la. Nan Chelsea, chif sa pase a 70 pousan.

CTC a ap travay avèk tradiktè ak anplwaye ki pale plizyè lang pou pale ak imigran nan lang yo  pi konfòtab pale a. Baez- ki pale plizyè lang- estime 90 pousan nan apèl telefònik li yo fèt nan lòt lang ki pa anglè, sitou nan lang Panyòl ak Pòtigè.

CTC a fè patenarya tou ak òganizasyon lokal yo ki gen lyen ak kominote yo, pou bati konfyans ak jwenn solisyon ki adapte, tankou manje ki kiltirèlman apwopriye nan yon bank alimantè.

Pou anpil anplwaye CTC, yap travay sou yon reyalite ke yo konnen byen.

Berlyn Olibrice, yon kowòdonatè resous sanitè ki soti an Ayiti, te travay sou plizyè ka nan kominote ayisyano-ameriken nan eta a epi li wè moun ezite jwenn èd akòz estigmatizasyon ki gen awè sou kesyon kowonaviris la.

"Nan wòl mwen an, mwen eseye pale ak moun yo epi di yo, 'Se nòmal pou nou chèche èd nan pwòp kominote nou,'" di Olibrice, ki pale kreyòl ak panyòl. "Nou pa pral jije ou paske ou gen viris sa a. Òganizasyon lokal yo la pou sipòte ou.”

Baez, li menm tou, pote lamen fòt e pataje ekspètiz li nan travay li, li te imigre Ozetazini apati Repiblik Dominikèn depi lè li timoun. Yon jou, li te reponn yon apèl ki te soti nan yon lojman piblik ki lòtbò lari kote li te grandi. Moun ki te rele a te teste pozitif ak COVID-19 nan menm sant sante kominotè kote li te ale fè egzamen fizik lè li te timoun.

Black and Hispanic residents in Massachusetts have been disproportionately impacted by COVID-19.

Bati Konfyans

Byenke travay CTC a Kouvri tout Massachusetts, li te konsantre efò li yo kote viris la te fè plis dega ak kote li te pi ijan pou swiv maladi a ak mete fen ak pwopagasyon li; zòn sa yo enkli anpil kominote imigran.

Rechèch kontak se yon pwosesis ki totalman konfidansyèl e patisipasyon an volontè. Chèchè kontak yo pa mande enfòmasyon sou estati imigrasyon moun. Pa gen okenn enfòmasyon k ap divilge bay piblik la ni pataje ak lòt ajans gouvènman yo, ki gen ladan lapolis. Sepandan, move enfòmasyon sou pwosesis la te lakòz enkyetid sou vi prive.

Enkyetid sa yo espesyalman entansifye nan kominote imigran yo, kote imigran san papye yo ap viv avèk menas regilye depòtasyon ak moun ki gen kat vèt gen krentif pou pa pèdi aksè a benefis piblik yo.

Kòm rezilta, anpil nan imigran yo ezite pran apèl telefòn lè yon apèl enkoni parèt, e anplis pa vle pataje enfòmasyon pèsonèl yo tankou kontak yo.

Pou reponn ak enkyetid sa yo, chèchè kontak yo asire pasyan yo, pafwa avèk èd yon tradiktè, pou di yo tout enfòmasyon yo konfidansyèl epi estati migrasyon yo pa pral pataje ak pyès moun.

CTC a tou te lanse kanpay konsyantizasyon, nan kreye depliyan ak resous sou entènèt nan plizyè lang pou edike piblik la sou kesyon rechèch kontak yo epi elimine move enfòmasyon moun yo genyen. Anplis de sa, li te asosye avèk òganizasyon kominotè lokal yo, sant sante, ak konsèy vil yo pou òganize rankont kominotè vityèl nan divès lang,  panyòl tou.

"Konfyans se pi gwo lajan kontan nou nan batay sa a," tankou Baez di. "Nou vrèman bezwen konfyans, menm nan anviwònman kote ki gen krentif, pou travèse eprèv sa a ansanm."

 

Related Categories
Dr. Paul Farmer sharing a friendly moment with one of his staff.

Paul's Promise

As we mourn the passing of our beloved Dr. Paul Farmer, we also honor his life and legacy.

PIH Founders - Jim Kim, Ophelia Dahl, Paul Farmer

Bending the Arc

More than 30 years ago, a movement began that would change global health forever. Bending the Arc is the story of Partners In Health's origins.

Please send donations to: Partners In Health, PO Box 996, Frederick, MD 21705-9942